Deskripsyon
Plonje nan mond jenerasyon revni sou entènèt avèk konfyans pandan n ap gide ou atravè chak etap, soti nan devni yon testè lojisyèl a siksè rive nan metrize platfòm tankou PayPal, Payoneer ak Wise. - Ou pral dekouvri 17 ide biznis rentab ki mande yon envestisman minimal. - Ou pral eksplore 7 metòd dinamik pou monetize ChatGPT epi aprann kijan pou eksplwate pouvwa Galata pou fè komès sou entènèt...
Montre plisSa ou pral aprann
-
Estrateji pou estimile kwasans komès an liy
-
Jere finans nan komès elektwonik
-
Freelancing avèk Upwork
-
Devlopman wèb avèk siksè
-
Jesyon pwodiktivite ak aprantisaj kontini
-
Kreye yon ajans kreyatif apati de zewo
-
Lanse yon chèn YouTube a siksè
-
Kòmanse yon biznis an liy ak Galata
-
7 metòd dinamik pou pwofite de ChatGPT
-
Aprann baz QA testing pou jere kalite pwodui an liy
-
Eskplore 17 lide likratif pou Biznis an liy
-
Aprann kreye yon kont PayPal, Wise epi Stripe
-
Etap pou devni yon testè lojisyèl avèk siksè
-
Metrize prensip fondamantal pou fè lajan sou entènèt la
Pwogram kou a
Seksyon sa ap montre w kijan pou fè lajan antanke testè lojisyèl
-
Kòmanse avèk Utest
11 min : 41 segNan leson sa a mwen ap aprann ou kòman pou ou kòmanse sou Utest pou fè lajan pandan w ap teste aplikasyon ak sit entènèt.
Travay sou UserTesting
8 min : 31 segNan leson sa a, w ap dekouvri kòman ou ka kreye yon kont sou platfòm UserTesting lan epi travay kòm testè lojisyèl.
Aprann diferan mwayen pou resevwa lajan sou entènèt la.
-
Kreye yon kont PayPal
10 min : 59 segNan leson sa a, w ap aprann kijan pou kreye kont PayPal ou. Nou konseye ou sote etap koneksyon ak Xoom, paske Xoom pa sipòte transfè ak kont biznis ankò. Men pa enkyete w, nou gen yon lòt solisyon pou ou. Nan pwochen leson an, w ap ka konekte kont PayPal ou ak yon kont labank Ozetazini.
Kreye yon kont an Bank avè Wise Ozetazini
14 min : 28 segNan leson sa a, w ap dekouvri kijan pou kreye yon kont labank Ozetazini lè w ap itilize platfòm Wise. Anplis de sa, w ap aprann kijan pou konekte kont sa a ak kont PayPal ou.
Kreye yon kont Payoneer
17 min : 31 segNan leson sa a, m pral montre w kijan pou kreye yon kont sou Payoneer pou w ka resevwa ak voye lajan fasilman.
Metrize platfòm Stripe la
19 min : 10 segNan leson sa a, w ap aprann tout sa w bezwen pou jere yon kont Stripe avèk pwofesyonalis. W ap kapab kreye kont Stripe ou, jenere fakti pwofòma, lyen pèman, kreye pwodui, epi entegre Stripe sou sit entènèt e-komès ou.
Seksyon sa ap montre w kijan pou w lanse w nan E-Komès
-
17 ide biznis rantab
36 min : 2 segNan leson sa a, m ap pataje ak ou 17 ide biznis ki rantab ke ou ka kòmanse depi kounye a.
Fè lajan gras ak ChatGPT
12 min : 16 segNan leson sa a, w ap dekouvri 7 fason pou itilize ChatGPT pou jenere revni.
Devni YouTubè
8 min : 20 segNan leson sa a, w ap aprann etap pa etap kijan pou w lanse sou YouTube epi grandi rapidman.
Aprann ki jan pou aprann
11 min : 26 segNan leson sa a, w ap dekouvri teknik ki ap ede w maksimize chans ou pou reyisi pandan w ap devlope konpetans pou aprann plis efektivman.
Rete pwodiktif
3 min : 51 segNan leson sa a, m ap pataje ak ou 10 konsèy pou ogmante pwodiktivite w.
Anprann e jwenn lide pou jere e avanse nan pakou antreprenaryal dijital ou.
-
Kreye yon boutique an liy avèk Galata
17 min : 39 segGalata se pi gwo platfòm komès elektwonik ann Ayiti, ki ofri yon eksperyans milti-vandè. Nan leson sa a, w ap aprann kijan pou kreye boutik ou sou Galata epi kòmanse vann pwodwi ou sou entènèt.
Seksyon sa ap montre w kijan pou vann konpetans ou sou sit Freelance yo.
-
Kòmanse sou UpWork
23 min : 54 segNan leson sa a, w ap kòmanse vwayaj ou pou fè lajan kòm yon freelanceur sou UpWork.
Seksyon sa ap ba ou yon baz pou kòmanse nan WordPress
-
Kreye yon sit entènèt avèk WordPress
16 min : 43 segNan leson sa, ou pral aprann baz esansyèl pou demare nan kreyasyon sit entènèt avèk WordPress
Kesyon yo poze souvan
Pa gen okenn kondisyon espesyal ki nesesè. Kou sa a fèt pou debutan ak pou moun ki vle amelyore konpetans yo nan biznis sou entènèt.
Absoliman ! Kou nou an fèt espesyalman pou ede debutan kòmanse vwayaj yo nan mond antreprenarya sou entènèt.
Kou a kouvri plizyè sijè enpòtan tankou:
-
Jenere revni sou entènèt
-
Monetizasyon platfòm dijital
-
Maketing sou entènèt
-
Jesyon finans
-
Ak anpil lòt bagay ankò
Wi, nou bay resous siplemantè tankou gid pratik, videyo fòmasyon, epi yon sipò dedye pou reponn tout kesyon ou yo pandan tout pwosesis aprantisaj la.
Kou nou an ofri konsèy pratik, estrateji ki deja pwouve, ak etid ka pou ede w devlope konpetans ou epi reyalize objektif ou nan biznis sou entènèt, kit se lanse yon biznis, ogmante revni ou, oswa devlope prezans ou sou entènèt.
Kondisyon
Aksè ak yon òdinatè oswa yon aparèy mobil ak koneksyon Entènèt
-
Motivasyon ak angajman
-
Kapasite pou jere tan ou
-
Aptitid pou aprann pou kont ou (aprantisaj endepandan)